Advertisement
Yon Avoca ak yon Malere

Jonas al kay yon avoka, vwazin li, pou mande-l yon ti konsèy

 

Jonas:

Kijan ou ye Mèt-la?

Avoka:

enben Jonas, nou la

Jonas:

Mèt, yon ti konsey m-ta remem mande-w, si yon moun gen yon kabrit epi chen yon lòt moun manje kabrit la, eske mèt chen-an ta sipose peye mèt kabrit la?

Avoka:

Asireman, Jonas, mèt chen dwe peye pou kabrit la!

Jonas:

enben, Mèt, Chen-w lan manje kabrit mwen-an

Avoka:

O!

Ah!

Anh han!

eeeeee!

(li grate tèt li) Bonnnnnnn!

se konbyen kabrit la?

Jonas:

sinkann Dola wi mèt la?

Avoka-a louvri tiwa li, li rale sinkann dola, epi li longe-l by Jonas.

Jonas:

Mèsi wi mèt. pa se bòn jounen.

Avoka:

Jonas, epa-w ale!

ou poko ka ale monchè

Jonas:

poukisa mèt la?

Avoka:

Men, Jonas, ou poko peye-m!

mwen se yon avoka, mwen pa bay konsèy gratis!

Fok ou peye-m pou konsèy sa-a m-sot ba-w la!

Jonas:

O!

Ah!

Anh han!

eeeeee!

(li grate tèt li) Bonnnnnnn!

se konbyen konsèy la?

Avoka:

Sinkann Dola!

Avoka-a rape sinkan-n dola-a nan men Jonas epi li re mete-l nan tiwa li.

 
< Prev   Next >